Wednesday, August 31, 2011

Haitian Discipleship Groups: 2nd Draft


Fé disip yo miltipliye
Gen twa bagay pou ou akonpli nan (LTG) transfómasyon  yon gwoup.  yo se….

1. Konfese peche ou yonn ak lót
Nou menm kretyen nou yon bezwen lot (ebre 10:24-25) gen fos pou nou yonn sipóte lót. Premye bagay LTG a fé yo reyini e poze kesyon sou sa ki sou kat la. Reyinyon an komanse, paske dé fwa nou pédi tan nou poun pale de lót bagay. Li enpótan tou pou nou ak moun ki nan reyinyon an. Kesyon yo tou senp. Chak moun pral reponn menm kesyon an. Gwoup la dwe san danje, yo dwe onét. Konfése peche nou prepare nanm moun ak ké yo pou pawol Bondye ka kómanse li chak seménn.
2.Skripti a se li bib ou de tanzantan.
Pouvwa ki gen nan sistém sa se mete pawol Bondye a nan lavi tou moun. Jesus fé nou konen sa klé pawol Bondye a se grenn ki bay lavi a. (lik 8: 11,15) ou pa kapab espere lavi ou change e bay fwi, san ou pa plante premye grenn nan anvan.
Chak goup pral chwazi yon liv nan Bib la pou yo li chak semenn. Objektif la se kreye apeti pou pawol Bondye nan ou. Anpil skripti rekómande pou non chak fé efó li 25 a 30 chapit nan lekti a chak semenn kóm objektif. Lekti ta dwe jan sa a. si gwoup la chwazi yon liv ki pi piti tankou Efezyen oubyen Jonas. Gwoup la dwe li li senk fwa pa semenn. Yon liv gwosé modere. Tankou liv women ou 1 koretyen kapab li de fwa nan yon semenn. Yon long liv tankou travay apót oubye women ka li yon fwa pa semenn jouk lé nou akonpli yo.
Lé gwoup la reyini nan lót semenn, yonn mande lót éske ou fini li liv ou a? si yonn nan nou  pat gen tan fini l semenn sa a, lap gen menm lekti a pou lót semenn. Se pa yon move bagay. Li liv lekti a tout entye de tanzantan, nan yon kontéks, e rekopans yon randman pou kretyen nan kominote ou.
Li bon pou ou bay patisipan yo yon gwo nivo de lekti ki ap gen chans pa ranpli chak semenn. Trant chapit kapab pran anviron kat semenn pou gwoup la fini, li li ansanm, epi nou ap kontinye ansanm. Yon fwa nou tou fini li nan menm semenn, nap chwazi yon lót liv nan Bib la pou nou li ansanm. Gwoup la kapab chwazi ki liv yo vle li apre.

3. lapriyé pou nanm moun ki pedi yo regilyéman. 
Kat LTG a se yon fason pou ou make Bib ou. Gen kesyon an sou karakté konvézasyon an, kap ensprime sou yon bó ak konsantre nan lapriyé estratejik la sou yon lót. Sa se pou raple chak gwoup pou yo priye pou chak non moun ki nan kat la menn jan yo li bib yo tout semenn lan. 
Chak manb ki nan LTG se pou yo identifye de ou twa moun ke Bondye mete ou ké ki nan bezwen kris. Non moun sa yo ekri nan kat chak manb gwoup. Chak péson nan gwoup yo ap priye pandan semenn nan pou non moun ki nan lis la. Li pi bon pou nou chwazi yon non nan lis la chak jou pou nou priye pou li. Sa yo ki kómanse chache kris yo devni yo vré kandida pou lót LTG, pou miltiplikasyon nan 
gwoup la ka rive natirélman, natirélman nan you fason ke tout gwoup la ka fé fét pou yo ansanm. 
.
Karakté Konvézasyon Kesyon yo
Kesyon sa yo nou dwe poze yonn ak lót lé nou reyini chak semenn kóm reskonsabilite (pwovéb 27:17) konfese yo rann yo peche, nan kominote nou ki valé sekirite, onétete, vilnerabilite konfidansyalite nan favé. 
1. Éske ou te viv pou jezi semén sa a, nan aksyon ou ak pawol ou?
2. Éske ou te ekspoze a materyél ki seksyélman pémét lide ou panse fé séks avék yon lót fi semén sa a? 
3. Éske ou te manke entegrite fé fas finansye ou oswa te sitélman anvi yon bagay ki pa pou ou?
4. éske ou te onore, konprann epi jenere relasyon enpótans ou semén sa a?
5. éske ou te domaje yon lót moun avék pawol ou, swa déyé do yo oswa fas a fas?
6. éske ou te retounen nan sa ou te gen kóm koutim anvan? egzanp gen plizyé madan si se wi esplike.
7. si ou te fache ak yon zanmi w éske ou padone li oswa ou toujou fache avék li?
8. éske ou ta renmen yon bagay mal rive yon fré w paske li fé ou yon bagay fé ou fache?
9. poze tét ou yon  kesyon apropo de lavi ou.
10. Éske ou te fini li liv ou a, e ou santi Bondye pale avék ou?  Kisa ou deside fé ak sa?
11. éske ou te onét avék mwen nan tout sans?
Se pou tet sa se pou nou yonn konfese peche nou yo yonn ak lót. Se pou yonn lapriyé pou lót. Pou yo kapab geri.
LTG a se Fokis nan Lapriyé 
Nou chak ki nan gwoup la idantifye de ou twa moun ou konnen ki pa konnen jezi pou ou priye pou ka delivre. Ekri non tout moun ke nou genyen yo nan chak kat, e nou tout kapab priye pou tou moun sa yo ki te en nanm yo pédi pou nou priye pou yo chak semenn. Ou kapab mete kat sa nan bib ou kóm yon maké chak fwa ou ovri bib ou pou ou kapab sonje pou ou priye pou moun sa yo.
1_______________________ 2___________________
3_______________________ 4___________________
5_______________________ 6___________________
  1. Senyé, m mande ou pou ou rale________________ vin jwenn ou (jan 6:44) 
  2. M priye pou _________________ tande e kwé bib la se pawol Bondye.(1tesalonyin 2:13).
  3. Mwen priye pou_______________ chache genyen ou nan lavil (travay 17:27)
  4. M mande ou Senyé pou ou pa kite satan bouche je ________________fé li wé laverite ya.
  5. Map mande pou Sentespri konvink ____________________nan peche li yo pou li vin repanti.
  6. Mwen mande ou pou ou voye yon moun pou al pale  ______________________ de bon nouvél ou a (matye 9:37; 38). 
  7. E map mande ou tou pou ou ban mwen oswa ________________ yon opótinite pou ka plibliye pawol ou a avék _____________.
  8. Senyé mwen priye ou pou ________________vire do bay peche li yo e pémét Sentespri ou viv nan li ( travay 17:30-31 tesalonizyan 1: 9-10)
  9. Senyé, mwen priye ou pou___________________ mete tout konfyans li nan ou (jan 1:12  5: 24).
  10. Senyé mwen priye ou pou ________________ ke Jezi se sél senyé li, e grandi nan la fwa e donnén fwi pou bél glwa ou (women 10:9-10 kolosyen 2:6-7 lik 8: 15).
Fré m yo, jan m ta renmen wé jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyé Bondye pou yo! (Women 10:1).
Kisa transfómasyon lavi yon gwoup ye?
Transfómasyon live yon gwoup se yon fason pou pibliye eleman ki pi esansyél. Li enpótan anpil pou nou pale  espirityélman ak moun ki bezwen Jezi chanje lavi yo depi anndan kou deyó. Li se yon bon zouti pou grandi e ankouraje oswa sipóte moun pou swiv kris soti nan tou ké yo, se pa paske yo fóse ou men paske ou vle li. Zouti sa bay kretyen yon opótinite pou akonpli  travay ekstraódiné pou disip yo reprodwi pli disip.
Men jan LTG a ye 
. LTG a reyini chak semén pou yon inéd tan 
. Gwoup la ka gen de oswa twa si gwoup la vin gen kat li ansent nou dwe separe li ann de. E bay nesans a yon lót gwoup. 
Gwoup yo paka mele, fi dwe nan gwoup fi, gason dwe nan gwoup gason.
Ou pap bezwen lót liv sélman yon Bib. E ou pap bezwen antrene pou sa 
Pap gen yon lidé.
Sélman twa bagay ou gen pou ou akonpli nan LTG.
  1. se konfese peche ou yonn ak lót
  2. skripti a se li bib ou de tanzantan nan kontéks li e nan kominote.
3.   nou priye pou moun pou yon rezon  espesyalman, kontinyelman.
Kiyés ki ka nan LTG?
Gen sélman de kalifikasyon pou konman se oswa vin nan LTG.
  1. si ou dezespere ou bezwen jezi(lik 5:25-32)
  2. ou dwe kwé nan travay gwoup la(timote 2:2)
ou dwe gen de sa yo paske yo tré enpótan.
Fós nan de oswa twa:
Kominote ( eklesyen 4:9-12)
Responsabilite (1 timote 5:19)
Konfidansyalite (matye 18:15-17)
Fleksibilite (matye 18:20)
Reprodiktibilite (2 timote 2:2. matye 28:18-20)


No comments:

Post a Comment